Pibliye: Madi 7 Avril 2026 | 2:30 PM
Pa: Redaksyon AyiboScoop 24

Seremoni omaj nan Chanmas pou Toussaint Louverture, 07 Avril 2026
- Otorite yo te make evènman an atravè depo yon kouwòn flè, nan yon kad ofisyèl, avèk prezans plizyè reprezantan Leta.
Gouvènman ayisyen an te òganize yon seremoni ofisyèl nan Pòtoprens pou make 223yèm anivèsè lanmò Toussaint Louverture, yon figi enpòtan nan listwa peyi a. Aktivite sa a te fèt nan Chanmas, kote plizyè otorite te reyini pou rann omaj ak ewo nasyonal la.
Premye Minis la, Alix Didier Fils-Aimé, te dirije delegasyon an, akonpaye pa plizyè manm nan gouvènman li. Ansanm, yo te deplase nan zòn Chanmas, kote yo te poze yon jès senbolik pou make dat sa a nan listwa,aksyon sa a montre volonte otorite yo pou kontinye valorize figi istorik ki make peyi a, malgre defi aktyèl yo ap fè fas chak jou.
Sou plas Toussaint Louverture, otorite yo te depoze yon kouwòn flè kòm siy respè ak rekonesans. Jès sa a, byenke senp, pote yon gwo chay emosyonèl ak istorik, paske li raple sakrifis ak angajman Toussaint, Plizyè temwen ki te prezan sou plas la te salye inisyativ sa a, pandan yo te pwofite reflechi sou wout peyi a ap pran jodi a.Louverture te fè pou libète pèp la.
Se Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé, ansanm ak lòt manm gouvènman an, ki te òganize epi patisipe nan seremoni omaj sa a pou Toussaint Louverture,aktivite a te fèt sou plas Toussaint Louverture, ki sitiye nan Chanmas, nan kapital peyi a, Pòtoprens,jodi Madi 26 avril 2026 la nan apre midi,Otorite yo te make evènman an atravè depo yon kouwòn flè, nan yon kad ofisyèl, avèk prezans plizyè reprezantan Leta.
Seremoni omaj sa a raple plas enpòtan Toussaint Louverture okipe nan listwa Ayiti. Atravè jès senbolik sa a, otorite yo montre volonte yo pou kontinye valorize eritaj istorik peyi a.

Leave a Reply