Haïti : la FJKL demande une révision du décret sur les pôles judiciaires spécialisés

FJKL Mande Otorite Ayisyen Modifye Dekrè sou Pòl Jidisyè Espesyalize yo

Fondasyon Je Klere (FJKL) fè yon apèl bay otorite ayisyen yo pou yo modifye dekrè 14 avril 2025 ki te kreye pòl jidisyè espesyalize yo. Nan yon rapò li pibliye nan mwa me 2026, òganizasyon an rekonèt efò sa a kòm yon avans enpòtan nan batay kont krim finansye, masak, ak vyolans seksyèl. Sepandan, FJKL avèti ke plizyè dispozisyon nan dekrè a ka limite efikasite sistèm jidisyè a.

Nan analiz li fè a, FJKL konsidere kreyasyon pòl sa yo kòm yon gwo pwogrè nan konba pou elimine enpinite an Ayiti. Dekrè a, ki te adopte pa Konsèy Prezidansyèl Transisyon (CPT), mete sou pye de estrikti espesyalize: yonn pou trete krim finansye konplèks tankou koripsyon, blanchiman lajan, ak vòl fon piblik; lòt la pou jere krim mas, vyolans seksyèl, zak teworis, epi krim kont limanite ke yo atribiye a gwoup ame.

Òganizasyon an eksplike ke inisyativ sa a reponn a ogmantasyon vyolans ame ak krim finansye ki te kale nan peyi a pandan dènye ane yo.

Men, FJKL kritike limitasyon nan jiridiksyon teritoryal pòl sa yo, ki sèlman konsantre sou tribinal premye enstans nan Pòtoprens. Pou fondasyon an, restriksyon sa a vin an kontradiksyon ak objektif refòm lan, paske krim mas ak rezo koripsyon yo afekte plizyè lòt rejyon nan peyi a. Yo rekòmande elajisman jiridiksyon sa a a tout peyi oswa kreyasyon menm estrikti sa yo nan lòt vil tankou Kap Ayisyen, Gonayiv, ak Okay.

Yo avèti tou ke yon masak ki ta fèt deyò Pòtoprens pa ta gen ladan nan jiridiksyon pòl espesyalize sa yo.

Rapò a mete aksan sou difikilte estriktirèl sistèm jidisyè ayisyen an, nan patikilye disfonksyon Palè Jistis Pòtoprens la ki pa fonksyone byen depi plizyè ane akoz ensekirite ak prezans gwoup ame. FJKL poze kesyon sou kapasite Leta pou pwoteje jij yo ki oblije entèvni nan zòn ki anba kontwòl gang yo.

Fondasyon an kritike tou pwosedi transfè otomatik dosye bay pòl espesyalize yo, ki selon yo ka lakoz gwo dezòd nan sistèm jidisyè a. Anplis, yo denonse entèdiksyon pou kèk jij espesyalize fè plizyè travay an menm tan, paske sa ka agrave mank moso pèsonèl kalifye nan tribinal yo.

Nan rapò li, FJKL ensiste sou nesesite pou ranfòse endepandans pouvwa jidisyè a. Yo konsidere li enkonvenan pou kreye estrikti espesyalize nan konba koripsyon pandan kèk fonksyònè de gouvènman toujou jwi yon fòm enpinite. Yo fè yon apèl kont yon “jistis spektak” ki ta ka enfliyanse pa enterè politik oswa entènasyonal.

Pou fondasyon an, refòm jidisyè a ta dwe reponn atant popilasyon an nan domèn jistis, transparans ak sekirite.

FJKL konkli ke kreyasyon pòl jidisyè espesyalize yo se yon inisyativ enpòtan nan lit kont krim finansye ak vyolans masif ann Ayiti, men yo mande amannman sou dekrè 14 avril 2025 la pou garanti yon efikasite reyèl. San yon kontwòl teritwa pa fòs lòd, san tribinal k ap fonksyone ak san yon endepandans jidisyè solid, refòm sa a riske rete sèlman yon senbòl devan kriz sekirite ak enstitisyonèl peyi a ap konfwonte.

Jean Allens Macajoux
Vant Bèf Info (VBI)

Partagez cet article

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *